Prezantasyon

martes 25 de julio, 2017

Tout timoun ki se pitit migran yo gen menm dwa aksè a edikasyon nan menm kondisyon,  men m tretman ak timoun peyi a. yo pa gen dwa refize timoun ki se  pitit migran yo aksè nan anseyman preskolè oubyen lekol piblik yo akoz sitiyasyon migratwa iregilye swa yo menm oubyen paran yo

Konvansyon Entenasyonal sou Pwoteksyon dwa tout Travaye Migran yo ak  tout Fanmiy yo (atik,301)

Yon fason pou respekte epi konpli ak Trete e konvansyon entenasyonal ke leta chilyen siyen yo, ministè ledikasyon, tankou jan prezidant repiblik la te mande l, te bay yon repons rapid a nouvo realite migran nan peyi a pi espesyalman a travè kreasyon Mesa de Coordinación Migrante (tab kodinasyon migran) e a travè Odonans No 894 ki actyalize enstriksyon sou kesyon antre, rete ak egzesis dwa timoun ak etidyan migran yo, endepandamman de sityasyon migratwa yo ou bien fanmiy yo.

Nan fason sa a, timoun ak adolesan etranje yo nan Chili gen dwa:

  • Antre nan yon etablisman minisipal ou bien semi prive ki gen enskripsyon disponib nenpot lè nan ane a.
  • Enskri yo men m si sitiyasyon migratwa yo iregilye.
  • Jwenn fasilite pou yo antre, pou yo rete epi pwogrese nan sistem edikasyon an nan menm kondisyon ak timoun etidyan chilyen yo dapre realite ak nesesite yo.
  • Resevwa benefis leta yo tankou: pasay lekol (pase escolar), asirans lekol, bous alimantasyon ak tout liv yo nan menm kondisyon ak res timoun etidyan chilyen yo.
  • Pou yo pa jwenn diskriminasyon, pou tout kominote lekol la trete yo ak respè.
  • Tout timoun ak etidyan migran yo gen dwa pou yo resevwa edikasyon nenpot jan sitiyasyon migratwa yo ou bien fanmiy yo ye.

 

Si nan yon fason ou nan yon lot tout sa ki di anlè yo pa ta respekte sa ta vle di ke dwa edikasyon timoun etidyan yo ap vyole, ou dwe:

  • Prezante yon plent pou diskriminasyon nan biwo Siperentandans Edikasyon an nan sit entenet li ki se cl ou bien ale direkteman nan biwo ki pi pre w la.
  • Prezante yon plent nan biwo atansyon pou sitwayen yo nan ministè edikasyon an nan sit entenet li ki se cl, rele nan telefo-n 600 600 26 26 ou bien ale direkteman nan biwo ki pi pre w la.
  • Nan etablisman minisipal yo, ou ka prezante yon let reklamasyon nan biwo direktè lekòl la epi remet yon kopi nan biwo OIRS (BIWO ENFOMASYON, REKLAMASYON AK SIJESION) minisipalite ki koresponn lan.
  • Si w konsidere ke yo refize yon timoun dwa pou li gen aksè nan edikasyon yon fason abitrè, swa poutet li se migran ou bien yon lot rezon ki gen pou wè ak karakteristik pesonel, ou ka prezante yon resous de proteksyon ou bien yon demand sivil a travè koporasyon asistans jidisiè. Pou kontakte yo ou ka rele nan nimewo: 600 440 2000 ou bien nan 022 362 8200 a travè yon selilè.